2 Chronicles 2:16
Nou menm bò pa nou, nou pral koupe mezi bwa nan peyi Liban ou ka bezwen. N'a pote yo sou lanmè ba ou lavil Jope, n'a mare yo ansanm fè rado. Rive la, ou menm w'a fè pran yo pote moute lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Koulye a, ou mèt voye ban nou ble, lòj, diven ak lwil oliv ou te di w'ap voye yo.
Cross References
Joshua 19:46Me-jakon ak Rakon, ansanm avèk tout tè ki anfas lavil Jope.
1 Chronicles 22:2David bay lòd pou tout moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Izrayèl la reyini. Li moute chantye kote pou taye wòch pou bati Tanp Bondye a.
2 Chronicles 8:8Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Te gen moun Amori, moun Et, moun Ferezi, moun Iva ak moun Jebis. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a.
Ezra 3:7Pèp la bay lajan pou peye bòs ki t'ap taye wòch yo ak bòs chapant yo. Yo bay pwovizyon, bwason ak lwil pou yo voye lavil Tir ak lavil Sidon pou bwa sèd y'ap achte nan men moun la yo. Bwa yo te soti peyi Liban, yo pase sou lanmè, yo debake Jope. Yo fè tou sa dapre otorizasyon Siris, wa peyi Pès la, te ba yo.
Acts 9:36Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (An lang grèk yo te rele l': Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil.