The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 3 › Ezra 3:7

Ezra 3:7

Pèp la bay lajan pou peye bòs ki t'ap taye wòch yo ak bòs chapant yo. Yo bay pwovizyon, bwason ak lwil pou yo voye lavil Tir ak lavil Sidon pou bwa sèd y'ap achte nan men moun la yo. Bwa yo te soti peyi Liban, yo pase sou lanmè, yo debake Jope. Yo fè tou sa dapre otorizasyon Siris, wa peyi Pès la, te ba yo.

Bib La

In The King James Version

They gave money also unto the masons, and to the carpenters; and meat, and drink, and oil, unto them of Zidon, and to them of Tyre, to bring cedar trees from Lebanon to the sea of Joppa, according to the grant that they had of Cyrus king of Persia.

In Context

6Pèp la pa t' ankò mete men nan tanp lan, men depi premye jou setyèm mwa a yo te konmanse ap boule bèt nèt pou Seyè a.

8Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman tanp Seyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan tanp Seyè a.

Read all of Ezra 3

Cross References

1 Kings 5:6Ou menm, ou pral bay lòd pou yo koupe kèk pye sèd pou mwen nan peyi Liban. Moun pa m' yo va travay ansanm ak moun pa ou yo. m'a peye mesye ou yo jan wa vle l' la. Ou konnen pa gen moun nan peyi m' ki ka koupe bwa tankou moun Sidon yo.

2 Kings 12:10Chak fwa yo wè te gen bonkou lajan nan bwat la, sekretè wa a ansanm ak granprèt la vini, yo kontwole lajan an, yo mete l' nan sak.

2 Kings 12:13Men yo pa t' pran nan lajan yo te pote nan Tanp lan pou fè gwo basin an ajan, kouto, bòl ak twonpèt yo, ni ankenn lòt bagay an lò osinon an ajan.

2 Chronicles 2:10Men pwovizyon m'ap voye pou moun ou yo k'ap koupe pyebwa yo ak pou moun k'ap siye yo: sanmil (0100.000) barik ble, sanmil (0100.000) barik lòj, sandimil (0110.000) galon diven ak sandimil (0110.000) galon lwil oliv.

2 Chronicles 24:12Wa a ak Jeojada renmèt lajan an bay moun ki te reskonsab repare Tanp Seyè a. Moun sa yo menm te anplwaye mason ak chapant sou kontra pou repare Tanp Seyè a. Yo te anplwaye bòs ki gen ladrès pou travay fè ak kwiv pou repare Tanp lan tou.

Ezra 1:2-Mwen menm Siris, wa peyi Pès, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 3:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 3:6Ezra 3Ezra 3:8 →