Akdèzapot 9:36
Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (An lang grèk yo te rele l': Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
37Lè sa a, li tonbe malad epi l' mouri. Yo benyen kò a, yo mete l' nan chanm anwo kay la.
Cross References
Joshua 19:46Me-jakon ak Rakon, ansanm avèk tout tè ki anfas lavil Jope.
Ezra 3:7Pèp la bay lajan pou peye bòs ki t'ap taye wòch yo ak bòs chapant yo. Yo bay pwovizyon, bwason ak lwil pou yo voye lavil Tir ak lavil Sidon pou bwa sèd y'ap achte nan men moun la yo. Bwa yo te soti peyi Liban, yo pase sou lanmè, yo debake Jope. Yo fè tou sa dapre otorizasyon Siris, wa peyi Pès la, te ba yo.
Song of Solomon 2:9Mennaj mwen tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit. Men li la dèyè miray kay la. L'ap gade nan fennèt la, l'ap veye nan jalouzi a pou wè sa m'ap fè.
Song of Solomon 8:14Kouri non, mennaj mwen! Kouri tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit sou mòn ki gen bon sant yo!
Matthew 25:17Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis.
John 15:8Men ki jan pouvwa Papa m' lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye.