2 Chronicles 2:3
Salomon voye misyon bay Iram, wa lavil Tir. Li di l': -Annou fè zafè yonn ak lòt tankou ou te fè avèk wa David, papa m', lè ou te vann li madriye sèd pou l' te bati yon kay pou l' rete.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 25:30Epi w'a toujou mete sou tab la pen yo ofri ban mwen yo. Wi, se pou pen yo tout tan la devan mwen.
Exodus 29:39W'a ofri yonn nan mouton yo nan maten, lòt la nan aswè anvan li fin fè nwa nèt.
Exodus 30:7Arawon va boule lansan bon sant sou li chak maten lè l'ap netwaye lanp yo.
Leviticus 23:2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Men jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Seyè a. Men lè pou nou fè fèt pou mwen.
Numbers 28:11Nan konmansman chak mwa, n'a fè yon ofrann boule pou Seyè a. Lè sa a, n'a ofri de towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Epi fòk yo tout san okenn enfimite.
1 Kings 5:1Iram, wa peyi Tir, te toujou yon bon zanmi wa David. Lè li vin konnen se Salomon ki te vin moute wa nan plas David, papa l', li voye kèk chèf bò kote l'.