Numbers 28:11
Nan konmansman chak mwa, n'a fè yon ofrann boule pou Seyè a. Lè sa a, n'a ofri de towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Epi fòk yo tout san okenn enfimite.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 1:3Si se yon gwo bèt li vle ofri pou yo boule pou Seyè a, l'a mennen yon towo bèf ki pa gen ankenn enfimite. L'a vin avè l' jouk devan pòt Tant Randevou a pou Seyè a ka asepte l'.
Numbers 15:3lè n'ap ofri yon towo bèf, osinon yon mouton, oswa yon kabrit pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, tankou yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, kit se paske nou te fè yon ve, kit se paske nou menm nou te fè lide fè yon ofrann, osinon paske lè fèt n'ap fete pou mwen yo rive,
1 Samuel 20:5David reponn li: -Denmen se fèt lalin nouvèl. Mwen te sipoze manje ansanm ak wa a. Men, avèk pèmisyon ou, m'ap pati, mwen pral kache nan bwa jouk apre denmen nan aswè.
1 Chronicles 23:31Se pou yo la tou lè y'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a jou repo yo, premye jou chak mwa yo, ak pou lòt jou fèt yo. Te gen regleman ki te bay travay moun Levi yo gen pou fè ak kantite moun ki pou fè chak travay. Se te reskonsablite yo pou yo te toujou ap sèvi Seyè a.
2 Chronicles 2:4Mwen pral bati yon tanp pou Seyè a, Bondye mwen an. Se pral yon kay n'ap mete apa pou li, kote n'a boule lansan pou li, kote n'a toujou mete devan l' pen y'ap ofri l' yo, kote chak maten chak aswè y'a ofri bèt pou yo boule nèt pou li lè jou repo yo, lè lalin nouvèl, ak lè lòt fèt nou fete pou Seyè a, Bondye nou an, jan li te bay pou yo toujou fè l' nan peyi Izrayèl.
Nehemiah 10:33N'a bay tou pen pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann grenn pou chak jou yo, bèt pou yo boule chak jou pou Bondye yo, ofrann pou jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl yo, ak pou lòt gwo fèt yo, manje pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann pou wete peche moun pèp Izrayèl yo, ak tout lòt bagay yo ka bezwen pou fè sèvis nan tanp Bondye nou an.