Exodus 25:30
Epi w'a toujou mete sou tab la pen yo ofri ban mwen yo. Wi, se pou pen yo tout tan la devan mwen.
Bib La
In The King James Version
And thou shalt set upon the table shewbread before me alway.
In Context
Cross References
Exodus 39:36tab la ak tou sa ki pou sèvi ak tab la, pen yo ofri bay Bondye a,
Leviticus 24:5W'a pran vennkat liv farin frans, w'a fè douz pen. Chak pen va fèt ak de liv farin.
Numbers 4:7Y'a kouvri tab pou pen yo ofri bay Bondye a ak yon dra ble. Y'a mete asyèt, tas, kafetyè ak bòl yo sèvi nan sèvis pou mwen yo sou li. Pen yo ofri bay Seyè a va toujou rete sou li tou.
1 Samuel 21:6Se konsa prèt la pran nan pen yo te mete apa pou Bondye yo, li ba li paske sèl sa li te genyen se pen yo te ofri bay Bondye chak jou a. Yo te fèk wete yo sou tab la devan Seyè a pou yo te mete lòt pen fre.
1 Chronicles 23:29Yo te reskonsab pen yo te ofri bay Bondye yo, farin frans yo sèvi pou fè ofrann yo, pen san ledven yo, ofrann farin melanje ak lwil yo. Se yo ki te reskonsab peze ak mezire ofrann nan Tanp lan.
2 Chronicles 13:11Chak maten, chak aswè, y'ap ofri bèt yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak lansan. Yo mete pen ki apa pou Bondye yo sou yon tab ki nan kondisyon pou sèvis Bondye. Chak aswè, yo limen lanp ki sou gwo lanp sèt branch lan. Nou fè tou sa Seyè a ban nou lòd fè. Men, nou menm moun peyi Izrayèl, nou vire do ba li.