2 Chronicles 2:6
Lèfini, ki moun ki ka rive bati yon kay vre pou Bondye, si syèl la, atout li gwo a, twò piti pou li? Mwen menm, kisa m' ye pou m' ta bati yon kay pou li? Se annik yon kote pou m' boule lansan pou li m'ap fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 31:5pou l' travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, pou l' moute yo sou nenpòt bagay, pou l' ka fè desen sou bwa, wi pou l' fè tout kalite bon bagay atizan konn fè.
Deuteronomy 12:11Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.
Deuteronomy 12:26Men, n'a pran tout ofrann nou yo ak tout kado nou te pwomèt bay Seyè a, n'a pote yo kote Seyè a te chwazi a.
1 Kings 7:13Wa Salomon voye chache yon bòs ki te rele Iram tou. Se te yon moun lavil Tir.
1 Kings 8:27Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
1 Chronicles 29:14Men, kisa m' ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m' ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou.