2 Chronicles 21:13
Ou te pito swiv egzanp wa peyi Izrayèl yo. Ou lakòz peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye tankou moun fanmi Akab yo te fè l' la. Ou menm rive touye frè ou yo, pwòp pitit papa ou yo, ki te pi bon pase ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 42:21Yonn t'ap di lòt: -Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tout sa nou te fè l' la. Nou te wè ki jan sa te fè l' lapenn anpil, lè li t'ap mande nou fè l' gras. Men, nou pa t' vle koute l'. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a.
Deuteronomy 31:16Seyè a di Moyiz: -Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pèp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y' al kouri dèyè lòt bondye y'ap sèvi nan peyi lòt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m', yo pral kase kontra m' te pase avèk yo a.
1 Kings 2:31Wa a reponn: -Fè jan li di ou la. Touye l', lèfini, antere l'. Konsa ni mwen, ni pyès lòt moun nan fanmi papa m' p'ap reskonsab pou sa Joab te fè lè li te touye de inonsan yo.
1 Kings 16:25Omri fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase moun ki te chèf anvan l' yo.
1 Kings 16:33Li fè yon estati pou Astate tou. Li fè pi mal pase tout lòt wa peyi Izrayèl ki te pase anvan l' yo pou fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache.
2 Chronicles 21:4Lè Joram moute wa nan plas papa l', li chita otorite l' byen chita nan peyi a. Lèfini, li fè touye tout frè l' yo ansanm ak kèk gwo chèf pèp Izrayèl la.