2 Chronicles 21:12
Se konsa Joram resevwa yon lèt pwofèt Eli te voye ba li. Nan lèt la pwofèt la di: -Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt w'a a, voye di ou: Ou pa swiv egzanp Jozafa, papa ou, ni egzanp Asa, granpapa ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 15:11Asa te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou David, zansèt li.
1 Kings 22:43Jozafa li menm te swiv Asa, papa l', pye pou pye nan tou sa l' te fè. Li te fè sa ki dwat devan Seyè a. Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pa t' sispann fè sèvis, touye bèt pou zidòl yo.
2 Kings 2:11Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon.
2 Chronicles 14:2Asa te fè sa ki byen ak sa ki dwat devan Seyè a, Bondye l' la.
2 Chronicles 17:4Li t'ap chache tout jan pou li te sèvi Bondye zansèt li a. Li te mache dapre lòd Bondye bay yo, li pa t' fè tankou wa Izrayèl yo.
Jeremiah 36:23Chak fwa Jeoudi te fin li twa ou kat kolonn nan liv la, wa a koupe yo ak yon ti kouto epi li jete yo nan dife a. Konsa konsa, jouk li boule tout woulo liv la.