2 Chronicles 22:11
Men, lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jozabèt, pitit fi wa Joram lan, pran Joas, pitit gason Okozyas la, li sere l'. Li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan Tanp lan. Se konsa, Jozabèt, pitit fi wa Joram lan, sè menm papa ak Okozyas, epi ki te madanm Jeojada, prèt la, te sere Joas san Atali pa konn sa, kifè li pa t' mouri tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 7:13Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.
2 Kings 11:2Men lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jocheba, pitit fi wa Joram, sè menm papa ak Okozyas la, te pran Joas, yonn nan pitit gason Okozyas yo, li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan tanp lan. Yo pa kite Atali wè Joas. Se konsa Joas pa mouri.
2 Chronicles 23:1Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, pran kouraj li ak de men, li deside lè a rive pou l' fè sa pou l' fè a. Li fè rele senk kaptenn nan lame a: Azarya, pitit Jewokam, Ismayèl, pitit Jokanan, Azaryawou, pitit gason Obèd, Maseja, pitit gason Adaja ak Elichafat, pitit Zikri. Li pran yon dizon ak yo.
Psalms 76:10(076:11) Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.
Isaiah 65:8Men sa Seyè a te di ankò: -Pesonn pa janm voye yon bon grap rezen jete. Okontrè, li sere l' pou fè diven ak li. Konsa tou, mwen p'ap detwi tout pèp la, m'ap sove moun k'ap sèvi m' yo.
Acts 4:28Yo fè tou sa ou menm, nan tout pouvwa ou ak pwòp volonte ou, ou te deside davans ki pou te fèt la.