2 Chronicles 23:11
Lèfini, li fè Joas, pitit wa a, soti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li pase ti chenn yo nan ponyèt li ak nan janm li. Yo fè l' wa. Jeojada, prèt la, ak pitit li yo vide lwil sou tèt Joas pou mete l' apa pou travay la. Tout pèp la pran rele: -Viv wa a!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 25:16Mwen pral ba ou de ròch plat ki va sèvi pou nou toujou chonje m'. W'a mete yo nan bwat la.
Deuteronomy 17:18Lè wa a va pran pouvwa a, l'a mande pou yo kopye tout lalwa Bondye a nan yon liv pou sèvis pa li, dapre orijinal ki nan men prèt fanmi Levi yo.
1 Samuel 10:24Samyèl di pèp la: -Men moun Seyè a chwazi a. Pa gen tankou l' nan mitan pèp la. Tout pèp la pran rele: -Viv wa Sayil!
2 Samuel 5:3Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou.
1 Kings 1:25Paske jòdi a l' ale, li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt bèf, ti towo chatre ak mouton. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, tout gwo chèf lame a ansanm ak Abyata, prèt la. Koulye a y'ap manje, y'ap bwè avè l', y'ap di: Viv wa Adonija!
1 Kings 1:39Zadòk, prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevou a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon!