1 Kings 1:25
Paske jòdi a l' ale, li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt bèf, ti towo chatre ak mouton. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, tout gwo chèf lame a ansanm ak Abyata, prèt la. Koulye a y'ap manje, y'ap bwè avè l', y'ap di: Viv wa Adonija!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 11:14Epi Samyèl di yo: -Leve non. Ann al lavil Gilgal. Lè n'a rive la, n'a fè seremoni pou renmèt li pouvwa a.
1 Kings 1:9Yon jou, Adonija fè yon gwo sèvis pou Bondye bò Wòch Zoelèt la toupre sous Anwogèl. Li touye mouton, bèf ak ti towo bèf chatre sou lotèl la. Li envite tout lòt frè l' yo, pitit gason David yo, ansanm ak tout gwo chèf nan peyi Jida ki t'ap travay ak papa l'.
1 Kings 1:34Lè n'a rive la, Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, va vide lwil sou tèt li, y'a mete l' apa pou l' sèvi wa pèp Izrayèl la. Apre sa, n'a fè kònen twonpèt, epi n'a rele: Viv wa Salomon!
1 Kings 2:15Adonija reponn: -Ou konnen se mwen menm ki pou te wa apre papa m'. Lèfini, se sa tout pèp Izrayèl la t'ap tann. Men, sa pase yon lòt jan. Se frè m' lan ki wa koulye a paske se Seyè a ki vle l' konsa.
2 Kings 11:12Lè sa a, Jeojada fè pitit wa a soti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li renmèt li kontra Bondye a. Li vide lwil sou tèt li epi li deklare Joas wa. Tout moun bat bravo, yo pran rele: Viv wa a!
1 Chronicles 29:13Koulye a, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa.