2 Chronicles 25:2
Amasya te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa ak tout kè li.
Bib La
In The King James Version
And he did that which was right in the sight of the LORD, but not with a perfect heart.
In Context
Cross References
1 Samuel 16:7Men Granmèt la di l': -Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l' sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l' la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.
2 Chronicles 24:2Joas te fè sa ki dwat devan Seyè a toutotan Jeojada, prèt la, pa t' ankò mouri.
2 Chronicles 26:4Ozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a menm jan ak Amasya, papa l', te fè l'.
Isaiah 29:13Seyè a di: -Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.
Acts 8:21Nan travay sa a, pa gen anyen pou ou; ou pa gen dwa ladan l' paske kè ou pa dwat devan Bondye.
James 4:8Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.