James 4:8
Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.
Cross References
Genesis 18:23Abraram pwoche bò kote Seyè a, li mande l'. Eske se vre ou pral touye inonsan yo ansanm ak koupab yo?
2 Chronicles 15:2Azarya soti al kontre wa Asa, li di l' konsa: -Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l'. Si nou chache l', l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou.
Job 16:17Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'.
Psalms 18:20(018:21) Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan.
Psalms 26:6Seyè, m'ap lave men m' pou m' moutre jan m' inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a,
Psalms 51:10(051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.