2 Chronicles 25:7
Men yon pwofèt Bondye vin di li: -Monwa, pa pran sòlda peyi Izrayèl sa yo ak ou nan lame a, paske Seyè a pa avèk moun peyi Izrayèl yo, avèk bann pitit Efrayim sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 12:28Lè li fin fè lide sa a, li fè de estati towo an lò, epi li di pèp la: -Nou moute kont nou koulye a lavil Jerizalèm pou fè sèvis. Nou menm moun pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip.
2 Chronicles 13:12Se Bondye menm ki alatèt nou avèk prèt li yo. Yo tou pare pou kònen twonpèt yo pou bay siyal mache pran nou. Se poutèt sa, nou menm moun peyi Izrayèl yo, pa fè lagè ak Seyè a, Bondye zansèt nou yo. Paske se nou k'ap anba.
Isaiah 28:1Madichon pou gwògmann ki alatèt peyi Efrayim lan! Pouvwa yo ap fini tankou bèl flè ki te nan kouwòn yo te mete sou tèt yo a. Madichon pou bèl kapital k'ap deperi sou tèt mòn kote li dominen bon venn tè ki nan plenn lan! Madichon pou nou tout ki anba gwòg nou!
Hosea 9:13Mwen fè yon vizyon, mwen wè pitit gason moun Izrayèl yo nan yon bèl jaden, epi se moun Izrayèl yo menm ki t'ap mennen yo bay ansasen.
2 Timothy 3:17Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l' fè tou sa ki byen.