2 Chronicles 13:12
Se Bondye menm ki alatèt nou avèk prèt li yo. Yo tou pare pou kònen twonpèt yo pou bay siyal mache pran nou. Se poutèt sa, nou menm moun peyi Izrayèl yo, pa fè lagè ak Seyè a, Bondye zansèt nou yo. Paske se nou k'ap anba.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 10:8Se prèt yo, pitit gason Arawon yo, ki pou kònen twonpèt yo. Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan, de pitit an pitit.
Numbers 14:41Men Moyiz di yo: -Pouki pou n'ap dezobeyi lòd Seyè a ankò? Sa p'ap mache pou nou non, fwa sa a!
Numbers 31:6Moyiz voye douzmil gason sa yo al fè lagè. Li voye ak yo Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, ki t'ap pote veso Bondye yo ak twonpèt pou bay siyal yo.
Deuteronomy 28:29Gwo midi, n'a tatonnen tankou avèg k'ap mache nan fènwa. Nou p'ap jwenn rannman nan ankenn travay n'ap fè. Tout tan moun ap malmennen nou, y'ap vòlè nou, lèfini p'ap gen pesonn pou pote nou sekou.
Joshua 6:13Sèt prèt yo avèk sèt kòn belye yo t'ap mache devan Bwat Kontra a. Yo t'ap kònen. Pòsyon lame ki pou devan an t'ap mache devan yo, pòsyon lame ki pou mache dèyè a t'ap mache dèyè Bwat Kontra a: yo t'ap kònen tout tan yo t'ap mache a.
2 Chronicles 24:20Lè sa a, lespri Bondye desann sou Zakari, pitit gason Jeojada, prèt la. li al kanpe yon kote pou tout pèp la wè l', li di yo konsa: -Seyè a, Bondye a mande poukisa nou pa vle swiv kòmandman li yo kifè n'ap rale malè sou nou konsa? Nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou!