2 Chronicles 26:10
Li bati gwo fò tou won nan dezè a, li fouye gwo basen pou kenbe dlo paske li te gen anpil mouton ni nan plenn lan ni sou platon yo. Li te gen moun ap travay pou li nan jaden li yo, ak moun pou okipe jaden rezen l' yo nan mòn, paske li te renmen travay latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 15:55Te gen ankò Maon, Kamèl, Zif, Jouta,
2 Kings 3:4Mesa, wa peyi Moab la, te fè gadinaj mouton. Se konsa li te pran angajman pou li te bay wa peyi Izrayèl la sanmil (0100.000) ti mouton ak sanmil (0100.000) belye ak tout lenn yo sou yo.
1 Chronicles 27:26Se Ezri, pitit gason Keloub la, ki te reskonsab tout moun ki t'ap okipe jaden wa a.
1 Chronicles 27:29Se Chitrayi, moun Sawon, ki te reskonsab tout bèf yo t'ap gade nan zòn Sawon an. Se Chafat, pitit gason Adlayi, ki te reskonsab bèf yo t'ap gade nan fon yo.
2 Chronicles 17:13Li te gen pwovizyon an kantite nan tout lavil peyi a. Nan lavil Jerizalèm menm, li te gen anpil vanyan sòlda.
Ecclesiastes 5:8Ou pa bezwen sezi lè ou wè nan yon peyi, chèf ap peze pòv malere. Yo refize rann yo jistis, yo derefize defann dwa inonsan yo. Chak chèf gen yon gwo chèf dèyè l'. Lèfini yo tou de gen yon pi gwo chèf ankò dèyè yo.