2 Chronicles 29:16
Prèt yo antre anndan Tanp lan pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo pran tout vye bagay yo jwenn ladan l', yo pote yo deyò nan lakou Tanp lan. Moun Levi yo menm ranmase yo nan lakou a, yo al jete yo nan ravin Sedwon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 26:33Mete rido a anba kwòk ki nan twati tant lan. W'a mete Bwat Kontra a dèyè rido a. Rido a va separe kote ki apa apa nèt pou Bondye sèlman an ak rès tant Bondye a.
1 Kings 6:19Anndan Tanp lan, sou dèyè, li bati yon pyès apa pou Seyè a. Se la yo te mete Bwat Kontra Seyè a.
2 Chronicles 3:8Yo bati tou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Li te gen trant pye lajè, menm jan ak Tanp lan, ak trant pye longè, kare kare. Yo sèvi ak venmil (020.000) kilo lò pou kouvri tout anndan l'.
2 Chronicles 15:16Wa Asa menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon yo te ba li tankou manman Larenn nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Achera. Asa kraze estati a an miyèt moso, li fè boule l' nan ravin Sedwon an.
Ezekiel 36:29M'ap delivre nou anba tout vye bagay mal nou t'ap fè yo. M'ap bay ble yo lòd pou yo donnen anpil. Konsa mwen p'ap janm voye grangou sou nou ankò.
Matthew 23:27Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri.