2 Chronicles 29:22
Prèt yo touye towo yo anvan, yo ranmase tout san an nan yon veso, yo al vide l' sou lotèl la. Apre sa, yo touye belye mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la. Apre sa ankò, yo touye ti mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 1:5L'a touye towo a la devan Seyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va pran san an pou yo ofri l' bay Seyè a. Lèfini, y'a voye san an sou kat bò lotèl ki toupre pòt Tant Randevou a.
Leviticus 4:18Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl ki devan Seyè a, anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, lotèl ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.
Leviticus 8:14Apre sa, Moyiz fè mennen ti towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la. Arawon ak pitit gason l' yo mete men yo sou tèt li.
Leviticus 8:24Apre sa, Moyiz fè pitit gason Arawon yo pwoche, li mete ti gout san sou tete zòrèy dwat yo, sou gwo pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. Lèfini, Moyiz pran rès san an, li vide l' tout arebò lotèl la.