2 Chronicles 29:31
Lè sa a, Ezekyas di pèp la: -Koulye a nou menm ki mete tèt nou apa pou fè sèvis Seyè a, pwoche non! Pote ofrann nou ansanm ak bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se konsa tout pèp la pote bèt pou yo touye ak lòt ofrann pou di Bondye mèsi. Gen ladan yo ki te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye paske yo te vle fè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 35:22Tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, braslè ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye.
Leviticus 7:11Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l' mèsi:
Leviticus 23:38Apa tout jou repo Seyè yo, n'a fete fèt sa yo tou. Apa kado pou nou fè nòmalman, apa ofrann n'ap fè paske nou te fè ve, apa ofrann n'ap fè pou Seyè a paske nou te vle fè l', n'a fè ofrann sa yo.
Ezra 1:4Toupatou nan peyi a, moun k'ap viv menm kote ak ti rès ki rete nan pèp Izrayèl la va ba yo konkou pou yo ka tounen nan peyi pa yo. Y'a ba yo ajan ak lò, pwovizyon ak bèt ansanm ak tout lòt bagay yo vle ba yo pou yo ofri nan tanp Bondye a ki nan lavil Jerizalèm lan.