Leviticus 23:38
Apa tout jou repo Seyè yo, n'a fete fèt sa yo tou. Apa kado pou nou fè nòmalman, apa ofrann n'ap fè paske nou te fè ve, apa ofrann n'ap fè pou Seyè a paske nou te vle fè l', n'a fè ofrann sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:8Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou mwen.
Leviticus 23:3Chak senmenn nou gen sis jou pou n' fè travay nou. Men, setyèm jou a se jou repo. Jou sa a, piga nou fè ankenn travay. Se jou n'a reyini pou n' fè sèvis pou Bondye. Jou repo a se pou Seyè a li ye. Nenpòt kote nou rete jou sa a, piga nou fè ankenn travay lakay nou.
Deuteronomy 12:6Se la n'a pote ofrann pou boule nèt nan dife pou Seyè a ak lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo ak kado nou yo, ofrann nou te pwomèt bay Bondye, ofrann nou leve konsa nou vle fè pou Bondye, premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit nou yo ak premye pitit mouton nou yo.
2 Chronicles 31:14Kore, pitit Jimna a, yon moun Levi ki te chèf gad nan Pòtay sou solèy leve Tanp lan, te reskonsab resevwa kado moun yo te ofri pou Seyè a paske yo te vle. Se li tou ki pou te separe ofrann yo te fè pou Seyè a ak pòsyon yo te mete apa nèt pou Seyè a.
Ezra 2:68Lè yo rive nan tanp Seyè a, lavil Jerizalèm, gen kèk chèf fanmi ki fè ofrann pa yo pou ede rebati tanp lan sou menm anplasman kote li te ye a.
Psalms 76:12(076:13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.