2 Chronicles 30:14
Yo pran tout lòt lotèl kote yo te konn boule bèt yo ofri yo ak lotèl kote yo boule lansan ki te lavil Jerizalèm yo, yo al voye yo jete nan Fon Sedwon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Se konsa, yon pakèt moun sanble lavil Jerizalèm nan dezyèm mwa a, pou yo fete fèt Pen san ledven yo.
Cross References
2 Kings 18:22Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini, li mande tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm pou yo vin devan yon sèl lotèl la?
2 Chronicles 15:16Wa Asa menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon yo te ba li tankou manman Larenn nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Achera. Asa kraze estati a an miyèt moso, li fè boule l' nan ravin Sedwon an.
2 Chronicles 29:16Prèt yo antre anndan Tanp lan pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo pran tout vye bagay yo jwenn ladan l', yo pote yo deyò nan lakou Tanp lan. Moun Levi yo menm ranmase yo nan lakou a, yo al jete yo nan ravin Sedwon an.
2 Chronicles 34:3Jozyas t'ap mache sou witan depi li te wa lè li konmanse chache konnen volonte Bondye David, zansèt li a. Lè sa a li te yon jenn gason toujou. Li t'ap mache sou douzan depi li te wa lè li konmanse fè detwi tout tanp zidòl, tout pòtre Achera, tout lòt estati an bwa ak an bwonz nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm.
2 Chronicles 34:7Nan tout peyi Izrayèl la, li fè demoli lotèl yo. Li kraze tout estati Achera yo ak lòt zidòl yo fè yo tounen poud. Yo kraze tout lotèl lansan yo an miyèt moso, lèfini li tounen lavil Jerizalèm.
Isaiah 36:7Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini li mande pou tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm vin adore devan yon sèl lotèl la?