2 Chronicles 30:7
Piga nou fè tankou zansèt nou yo ak lòt frè parèy nou yo ki pa t' kenbe pawòl yo ak Seyè a, Bondye yo a. Nou wè jan li te kite yo fini.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 26:18Yo vin kanpe devan wa a, yo di l': -Ozyas, ou pa gen dwa boule lansan pou Seyè a. Se prèt yo ase, moun fanmi Arawon yo, yo mete apa pou fè sa. Wete kò ou kote yo mete apa nèt pou Seyè a. Paske sa w'ap fè a pa bon devan Bondye. Bondye p'ap kontan avè ou poutèt sa.
Ezekiel 20:13Men, depi nan dezè a menm, moun Izrayèl yo t'ap kenbe tèt avè m'. Yo pa mache dapre lòd mwen ba yo, yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m' yo menm. Lè sa a, mwen te fè lide pou m' te fè yo santi sa m' ta ka fè yo lè m' move: m' te ka disparèt yo tout la nan dezè a.
Zechariah 1:3Men koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, men sa m' voye di nou: Tounen vin jwenn mwen, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se vre wi sa m'ap di nou la a.