The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 30 › 2 Chronicles 30:6

2 Chronicles 30:6

Se konsa yo voye mesaje nan tout peyi Jida a ak nan tout peyi Izrayèl la avèk lèt wa a te siyen ansanm ak chèf li yo. Dapre lòd wa a te bay, men mesaj yo t'ap mache fè konnen: -Nou menm rès pèp Izrayèl la, nou menm ki te chape anba men wa peyi Lasiri yo lè yo te anvayi peyi a, tounen vin jwenn Seyè a, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl la, konsa l'a tounen vin jwenn nou tou.

Bib La

In The King James Version

So the posts went with the letters from the king and his princes throughout all Israel and Judah, and according to the commandment of the king, saying, Ye children of Israel, turn again unto the LORD God of Abraham, Isaac, and Israel, and he will return to the remnant of you, that are escaped out of the hand of the kings of Assyria.

In Context

5Se konsa yo pran desizyon voye envitasyon bay tout pèp Izrayèl la, depi lavil Becheba nan sid jouk lavil Dann nan nò, pou yo vini lavil Jerizalèm fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Paske anvan sa, tout moun yo pa t' konn vini nan fèt la jan Lalwa mande l' la.

7Piga nou fè tankou zansèt nou yo ak lòt frè parèy nou yo ki pa t' kenbe pawòl yo ak Seyè a, Bondye yo a. Nou wè jan li te kite yo fini.

Read all of 2 Chronicles 30

Cross References

1 Kings 18:36Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo.

2 Kings 15:29Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.

1 Chronicles 29:18Seyè, Mèt, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl, Bondye zansèt nou yo, tanpri, fè pèp ou a pa janm pèdi bon santiman sa yo ki nan kè yo jòdi a.

Esther 8:14Jan wa a te bay lòd la, mesaje yo moute sou chwal wa yo, yo kouri pote lèt yo ale. Yo te mache fè konnen lòd wa a nan lavil Souz, kapital la, tou.

Isaiah 1:9Si Seyè ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk moun nan nou chape, lavil la t'ap disparèt nèt tankou sa ki te rive lavil Sodòm ak lavil Gomò a.

Isaiah 55:6Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 30:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 30:52 Chronicles 302 Chronicles 30:7 →