Deuteronomy 6:13
Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman.
Bib La
In The King James Version
Thou shalt fear the LORD thy God, and serve him, and shalt swear by his name.
In Context
14Pa kouri dèyè lòt bondye. Piga n' al sèvi bondye pèp k'ap viv toupre nou yo.
Cross References
Exodus 23:25Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n' manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou.
Deuteronomy 5:29Mwen ta swete yo toujou gen bon santiman nan kè yo pou yo ka gen krentif pou mwen, pou yo kenbe lòd mwen yo, konsa yo ta viv ak kè kontan tout tan, ni yo menm ni pitit yo.
Deuteronomy 10:12Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, men sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l'. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.
Deuteronomy 13:4Se Seyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li.
Joshua 2:12Koulye a, m'ap mande nou pou nou fè sèman devan Seyè a pou nou pwomèt n'ap aji byen avèk fanmi mwen, menm jan mwen aji byen avèk nou tou. Men sa m'ap mande nou pou nou fè pou mwen.
Joshua 24:14Koulye a menm, se pou nou gen krentif pou Seyè a, se pou nou sèvi l' ak tout kè nou tout bon vre. Voye bondye zansèt nou yo te konn sèvi lòt bò larivyè Lefrat la ak nan peyi Lejip la jete! Sèvi Seyè a.