2 Chronicles 32:12
Apa Ezekyas menm ki te disparèt dènye lotèl ak dènye kote yo te konn fè sèvis pou Seyè a, lèfini ki te di tout moun peyi Jida ak lavil Jerizalèm yo se devan yon sèl lotèl pou yo fè sèvis, pou yo boule lansan?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 30:1W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya pou boule lansan.
Deuteronomy 12:13Piga nou ofri bèt nou yo pou mwen nenpòt kote nou wè yo te mete apa pou lòt bondye yo.
1 Kings 7:48Salomon te fè fè tout mèb yo te bezwen pou Tanp lan an lò: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye a,
2 Kings 18:22Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini, li mande tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm pou yo vin devan yon sèl lotèl la?
2 Chronicles 30:14Yo pran tout lòt lotèl kote yo te konn boule bèt yo ofri yo ak lotèl kote yo boule lansan ki te lavil Jerizalèm yo, yo al voye yo jete nan Fon Sedwon an.
Isaiah 36:7Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini li mande pou tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm vin adore devan yon sèl lotèl la?