2 Chronicles 33:8
Depi moun pèp Izrayèl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fè tou sa ki nan lalwa Moyiz, sèvitè m' lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyò nan peyi mwen te vle bay zansèt yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 8:36Se konsa, Arawon ak pitit gason l' yo te fè tou sa Moyiz te di yo Seyè a te ba yo lòd fè a.
Deuteronomy 4:40Se pou nou swiv tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou jòdi a. Konsa, ni nou menm, ni tout pitit nou yo apre nou, n'a viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou pou tout tan.
Deuteronomy 5:31Men ou menm, ou va rete isit la avè m'. M'a ba ou tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip pou ou moutre yo pou yo ka swiv yo nan peyi m'ap ba yo a.
Deuteronomy 27:26-Madichon Bondye pou moun ki pa kenbe pawòl ki nan lalwa a, ki pa fè sa yo di ladan l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
2 Samuel 7:10Lèfini, mwen pare yon kote pou pèp Izrayèl mwen an. Mwen pral tabli yo la pou yo ka viv san yo pa bezwen pè anyen ankò. Mechan yo p'ap vin maltrete yo ankò jan yo te konn fè l' anvan an,
2 Chronicles 7:17Ou menm pou tèt pa ou, si ou mache devan m' tankou David, papa ou, si ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo,