2 Chronicles 33:7
Li fè fè yon estati zidòl mete nan Tanp Seyè a, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon, pitit li. Li te pale ak yo sou Tanp lan, li te di yo se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 17:3Mika renmèt milsan pyès lajan yo bay manman l'. Manman an di l' konsa: -Mwen te mete lajan an apa pou Seyè a pou anyen pa rive ou, pitit gason mwen. W'a sèvi avè l' pou fè yon zidòl, yon estati fonn nan moul. Se poutèt sa m'ap renmèt ou lajan an ankò.
1 Kings 8:44Lè pèp ou a va pati al goumen ak lènmi l' yo, nenpòt ki bò w'a voye yo, lè y'a vire tèt yo nan direksyon lavil ou chwazi a ak nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou,
1 Kings 11:13Men, mwen p'ap wete tout peyi a nèt anba lòd li. Poutèt David, sèvitè m' lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen chwazi pou rele m' pa m' lan, m'ap kite yon branch fanmi pou li.
1 Kings 12:28Lè li fin fè lide sa a, li fè de estati towo an lò, epi li di pèp la: -Nou moute kont nou koulye a lavil Jerizalèm pou fè sèvis. Nou menm moun pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip.
2 Kings 23:6Li wete estati Achera, zidòl fanm ki te nan Tanp lan, li fè yo pote l' andeyò lavil la nan fon Sedwon. Li boule l', li kraze l' fè l' tounen pousyè, l' al simen pousyè a nan simityè pèp la.
2 Chronicles 6:6Men koulye a, mwen chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo fè sèvis pou mwen, lèfini mwen chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an.