2 Chronicles 35:15
Sanba yo menm, moun fanmi Asaf yo, te nan plas yo dapre lòd David, Asaf, Eyman ak Jedoutoun, pwofèt wa a, te bay. Gad pòtay Tanp yo te nan plas yo tou. Yo yonn pa kite pòs yo, paske moun Levi parèy yo t'ap pare pòsyon vyann pa yo pou yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 16:41Te gen avèk yo tou Eyman, Jedoutoun ansanm ak lòt moun yo te chwazi tout espre pou chante: Lwanj pou Seyè a paske li p'ap janm sispann renmen nou.
1 Chronicles 25:1Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:
1 Chronicles 26:12Travay gwoup moun sa yo se fè pòs nan pòtay Tanp lan. Yo te bay chak gwoup travay pa yo nan sèvis Tanp lan, tankou yo te fè l' pou lòt moun Levi yo.
2 Chronicles 29:25Wa Ezekyas mete moun Levi nan Tanp Seyè a avèk senbal, bandjo ak gita, dapre regleman David, Gad, pwofèt wa a ansanm ak pwofèt Natan te bay, paske tout lòd Seyè a vle bay, se nan bouch pwofèt li yo li toujou mete yo.
Ezra 6:20Yo te fè yon sèl sèvis pou tout prèt yo ansanm ak tout moun Levi yo pou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo tout te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye: yo touye bèt yo te ofri pou fèt Delivrans lan, yo fè yon sèl seremoni pou tout pèp la, pou prèt parèy yo ak pou yo menm tou.
Psalms 78:1Se yon chante Asaf. Pèp mwen yo, koute sa m'ap moutre nou! Louvri zòrèy nou pou n' tande sa m'ap di!