The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 6 › Ezra 6:20

Ezra 6:20

Yo te fè yon sèl sèvis pou tout prèt yo ansanm ak tout moun Levi yo pou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo tout te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye: yo touye bèt yo te ofri pou fèt Delivrans lan, yo fè yon sèl seremoni pou tout pèp la, pou prèt parèy yo ak pou yo menm tou.

Bib La

In The King James Version

For the priests and the Levites were purified together, all of them were pure, and killed the passover for all the children of the captivity, and for their brethren the priests, and for themselves.

In Context

19Katòzyèm jou mwa Nisan an, nan lanne senksankenz (0515), jwif ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a fete fèt Delivrans lan.

21Men moun ki te manje manje Delivrans lan. Se te tout jwif ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo ki pa t' janm kite peyi yo men ki te vire do bay vye bagay lòt moun yo t'ap fè nan peyi yo epi ki te vin mete tèt ansanm ak moun ki te tounen yo pou adore Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

Read all of Ezra 6

Cross References

Exodus 12:21Moyiz rele tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, li di yo: -Se pou chak moun al chache yon ti mouton osinon yon ti kabrit pou yo touye pou fèt delivrans lan pou fanmi nou.

2 Chronicles 30:15Nan katòzyèm jou dezyèm mwa a, yo touye ti mouton Delivrans yo. Prèt yo ak moun Levi ki pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a vin wont tèt yo, yo fè sa pou yo fè pou yo ka nan kondisyon pou sèvis Seyè a, lèfini yo antre nan Tanp lan al boule bèt yo ofri nèt pou Seyè a.

2 Chronicles 35:14Lè yo fin fè sa, moun Levi yo pare sa ki rete pou yo menm ansanm ak prèt yo, paske prèt yo, moun fanmi Arawon yo, te rete byen ta jouk aswè ap boule bèt moun yo te ofri nèt pou Seyè a ansanm ak grès lòt bèt yo. Se poutèt sa, se moun Levi yo ki te pare vyann ni pou tèt yo ni pou prèt yo, moun fanmi Arawon yo.

Hebrews 7:27Li pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l' yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 6:20

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 6:19Ezra 6Ezra 6:21 →