2 Chronicles 35:24
Moun li yo wete l' nan cha lagè li a, yo mete l' nan yon lòt cha li te gen la, epi yo mennen l' lavil Jerizalèm. Se la li mouri. Yo antere l' nan kavo zansèt li yo. Tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm te pran gwo lapenn pou Jozyas.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 23:30Ofisye lame wa Jozyas yo pran kadav la, yo mete l' sou yon cha soti Megido, yo mennen l' lavil Jerizalèm kote yo antere l' nan kavo li. Apre sa, pèp la pran Joakaz, pitit Jozyas, yo mete l' apa devan Bondye pou l' sèvi wa nan plas papa l'.
2 Chronicles 34:28Ou menm, w'ap mouri nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gen tan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm ak sou moun ki rete ladan l' yo. Mesye yo tounen rapòte mesaj la bay wa Jozyas.
Ecclesiastes 8:14Men tou sa se pawòl anlè. Gade sa k'ap pase sou latè: Gen moun ki mache dwat ki resevwa pinisyon mechan yo. Gen mechan ki resevwa rekonpans moun ki mache dwat yo. Mwen di tou sa pa vo anyen.
Zechariah 12:11Lè sa a, rèl ap pete lavil Jerizalèm tankou lè rèl te pete pou Adad-Rimòn nan plenn Megidon an.