The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 35 › 2 Chronicles 35:3

2 Chronicles 35:3

Lèfini, li pale ak moun Levi yo ki te reskonsab moutre pèp Izrayèl la sa pou l' fè epi ki t'ap viv apa nèt pou Seyè a. Li di yo konsa: -Mete Bwat Kontra Bondye a nan Tanp Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, te bati a. Nou pa bezwen ap pote l' sou zepòl nou ankò. Koulye a se sèvi nou pral sèvi Seyè a, Bondye nou ak Bondye pèp Izrayèl ki pou li a.

Bib La

In The King James Version

And said unto the Levites that taught all Israel, which were holy unto the LORD, Put the holy ark in the house which Solomon the son of David king of Israel did build; it shall not be a burden upon your shoulders: serve now the LORD your God, and his people Israel,

In Context

2Li bay chak prèt travay pou yo fè nan Tanp lan ankò, li ankouraje yo pou yo fè l' byen.

4Pran plas nou nan Tanp lan, chak fanmi apa, dapre reskonsablite nou jan David, wa pèp Izrayèl la, ak Salomon, pitit li, te ekri l' la.

Read all of 2 Chronicles 35

Cross References

Numbers 4:15Lè lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l' yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Seyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lè y'ap deplase Tant Randevou a.

Numbers 16:9Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo.

1 Chronicles 23:26Konsa, moun Levi yo p'ap nan pote Tant Randevou Seyè a ankò ansanm ak tout bagay yo bezwen pou fè sèvis pou li ankò.

2 Chronicles 8:11Salomon fè madanm li, pitit fi farawon an, kite lavil David, al rete nan kay li te bati pou li a. Li t'ap di nan kè l': Ata madanm mwen pa gen dwa rete nan kay David, wa peyi Izrayèl la, paske tout kote Bwat Kontra Seyè a te pase se kote ki fèt pou rete apa pou Bondye.

2 Chronicles 17:8Yo te gen nèf moun Levi ak de prèt ak yo. Moun Levi yo te rele Chemaya, Netanya, Zebadya, Asayèl, Chemiramòt, Jonatan, Adonija, Tobija ak Tobadonija. Prèt yo te rele: Elichama ak Joram.

2 Chronicles 30:22Ezekyas t'ap ankouraje tout moun Levi yo pou jan yo t'ap mennen sèvis Seyè a byen. Pandan sèt jou, tout pèp la t'ap manje manje fèt Delivrans lan, yo fè ofrann pou mande padon, yo t'ap di Seyè a, Bondye zansèt yo a, mèsi.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 35:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 35:22 Chronicles 352 Chronicles 35:4 →