2 Chronicles 36:12
Li fè sa ki mal devan Seyè a, li pa t' soumèt devan pwofèt Jeremi ki t'ap pale pawòl Bondye nan zòrèy li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 10:3Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen.
2 Chronicles 33:12Manase te nan gwo lafliksyon, li rele Seyè a, Bondye li a, li rekonèt tout fòt li yo devan Seyè a, Bondye zansèt li yo.
2 Chronicles 33:23Men, li pa t' rekonèt peche l' yo devan Seyè a, tankou Manase, papa l', te fè l' la. Li menm rive fè pi mal pase papa l' toujou.
Jeremiah 21:1Wa Sedesyas te voye Pachou, pitit gason Malkija a, ak Sefanya, pitit gason Mesaja a, prèt la, bò kote Jeremi pou mande l' yon sèvis.
Jeremiah 34:2Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di Jeremi: -Ale pale ak Sedesyas, wa peyi Jida a, w'a di li konsa: Seyè a pral lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan ki pral mete dife ladan l'.
Jeremiah 38:14Yon lòt fwa ankò, wa Sedesyas voye chache pwofèt Jeremi, li fè yo mennen l' ba li bò twazyèm pòt pou antre nan kay Seyè a. Wa a di l' konsa: -Mwen gen yon bagay m' bezwen mande ou. Reponn mwen kare, pa kache m' anyen.