2 Chronicles 36:13
Sedesyas leve kont wa Nebikadneza ki te fè l' sèmante devan Bondye li t'ap toujou soumèt devan li. Li fè tèt di, li derefize chanje lavi li t'ap mennen an pase pou l' ta tounen vin jwenn Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 8:15Lè farawon an wè yo te ba l' yon souf, li konmanse fè tèt di ankò. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
Exodus 9:17Men w'ap pran pòz awogan ou avèk pèp mwen an, ou pa vle kite yo ale.
Joshua 9:15Jozye pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lòt, li fè kontra ak yo pou li pa touye yo. Chèf pèp Izrayèl yo fè sèman yo p'ap fè yo anyen.
2 Samuel 21:2Moun lavil Gabawon yo pa t' fanmi moun Izrayèl yo. Se yon ti rès nan moun peyi Amori moun Izrayèl yo te pran angajman yo t'ap toujou pwoteje. Men, Sayil te sitèlman cho pou defann enterè moun fanmi Izrayèl ak fanmi Jida yo, li te soti pou l' te detwi yo.
2 Kings 24:20Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo jouk jou li wete yo devan je l'. Men, rive yon lè Sedesyas derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan.
2 Chronicles 30:8Pa fè tèt di tankou zansèt nou yo, men soumèt nou devan Seyè a. Vin lavil Jerizalèm nan Tanp Seyè a te mete apa pou li pou toutan an. Sevi Seyè a, Bondye nou an, pou Seyè a pa fache sou nou ankò.