Jeremiah 21:1
Wa Sedesyas te voye Pachou, pitit gason Malkija a, ak Sefanya, pitit gason Mesaja a, prèt la, bò kote Jeremi pou mande l' yon sèvis.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 22:13—Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout pèp Jida a, avèk tout pawòl ki nan liv nou jwenn lan! Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' okipe sa yo di nan liv la, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri ladan l'.
2 Kings 25:18Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraja, granprèt la, Sefanya, adjwen granprèt la, ansanm ak twa lòt gwo chèf nan Tanp lan, li fè yo prizonye.
1 Chronicles 9:12Lèfini, te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pachou ki te pitit Malkija. Te gen ankò Masayi, pitit Adyèl. Adyèl sa a te pitit Jazera, Jazera te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Mechilemit, Mechilemit te pitit Ime.
Nehemiah 11:12Antou te gen wisanvennde (0822) moun nan fanmi sa a ki t'ap travay nan tanp lan. Te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pelaja, Pelaja te pitit Amsi, Amsi te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Pachou, Pachou te pitit Malkija.
Jeremiah 32:1Seyè a pale ak Jeremi yon lòt fwa ankò. Lè sa a Sedesyas te gen dizan depi li te wa peyi Jida, Nèbikadneza te gen dizwitan depi li te wa lavil Babilòn.
Jeremiah 37:1Nèbikadneza, wa Babilòn, te mete Sedesyas, yonn nan pitit Jozyas yo, wa nan peyi Jida nan plas Jekonya, pitit Jojakim.