2 Chronicles 36:17
Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:14Men tou, si nou pa koute m', si nou pa vle fè tou sa m' mande nou fè la a, m'ap peni nou.
Deuteronomy 28:50Se moun ki gen kè di. Yo p'ap respekte vye granmoun, ni yo p'ap gen pitye pou timoun.
Deuteronomy 30:18m'ap avèti nou depi koulye a: nou tout gen pou mouri. Nou p'ap viv lontan nan peyi lòt bò larivyè Jouden kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
2 Kings 25:1Se konsa sou dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan tout pye miray yo.
2 Chronicles 24:21Men pèp la fè konplo sou do Zakari. Wa a bay lòd pou yo touye l' ak kout wòch nan gran lakou Tanp Seyè a.