2 Chronicles 36:22
Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye, voye l' toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 11:14Se konsa, Seyè a fè Adad, yon moun nan fanmi wa Edon an, leve dèyè Salomon.
1 Chronicles 5:26Se poutèt sa, Bondye pèp Izrayèl la fè Poul, wa peyi Lasiri a ki te rele Tiglat-Pilesè tou, anvayi peyi yo a, depòte moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak moun mwatye branch fanmi Manase yo. Li mennen yo lavil Ala, lavil Abò, lavil Ara ak bò larivyè Gozan kote yo rete jouk jounen jòdi a.
2 Chronicles 24:9Apre sa, li voye fè konnen nan tout lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida pou tout moun pote bay Seyè a lajan Moyiz, sèvitè Bondye a, te mande pèp Izrayèl la bay lè yo te nan dezè a.
2 Chronicles 36:21Se konsa, sa Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an rive vre: Pandan swasanndizan tè a pral rete san yon moun ladan l', li pral pran repo pou tout jou repo yo pa t' janm ba li a.
Ezra 1:5Lè sa a, chèf branch fanmi Jida ak chèf branch fanmi Benjamen yo, prèt yo, moun Levi yo ak tout lòt moun ki te fè lide a gremesi Seyè a, yo leve pou y' al rebati kay Seyè a nan lavil Jerizalèm.
Isaiah 13:17Seyè a di ankò: -Mwen pral voye moun peyi Medi yo vin atake yo. Se yon bann moun lajan pa di yo anyen, lò pa tante yo.