2 Chronicles 36:21
Se konsa, sa Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an rive vre: Pandan swasanndizan tè a pral rete san yon moun ladan l', li pral pran repo pou tout jou repo yo pa t' janm ba li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:34Lè sa a, tè a va pran repo. Wi, lè lènmi nou yo va depòte nou byen lwen nan peyi pa yo, tè a va rete san travay, l'a pran repo.
Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.
Jeremiah 26:6Si nou pa koute yo, m'ap kraze tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon.
Jeremiah 29:10Seyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m'a vin vizite nou, m'a fè kichòy pou nou. M'a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m'a fè nou tounen lakay nou ankò.
Zechariah 1:4Pa fè tankou zansèt nou yo. Nan tan lontan pwofèt yo te ba yo mesaj mwen. Yo te di yo: Men sa Seyè a di nou: Kite move chemen n'ap swiv la. Sispann fè sa ki mal. Men, yo pa t' koute m', yo fè tankou se pa avè yo m' t'ap pale. Se vre wi sa m'ap di la a.
Zechariah 7:14Li gaye yo nan mitan yon bann nasyon yo pa t' konnen. Lènmi fin devalize tout peyi a, yo pa kite pesonn ladan l'. Yon bon peyi konsa, yo fè l' tounen yon dezè.