2 Chronicles 36:23
-Mwen menm Siris, wa peyi Pès la, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm nan peyi Jida. Nou mande pou Bondye pèp sa a beni tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la, pou yo moute lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 29:5pou fè tout bèl bagay an lò osinon an ajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulye a, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye?
Psalms 75:5(075:6) Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la!
Isaiah 44:26Men lè sèvitè m' pale, mwen ba l' rezon. Lè mesaje m' yo bay yon pawòl, mwen fè l' rive vre. Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò. Yo pral rebati lavil peyi Jida yo. Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò.
Jeremiah 27:6Se konsa, mwen lage tout peyi nou yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn, sèvitè m' lan. Mwen ba li ata bèt nan bwa yo pou yo soumèt devan l'.
Daniel 2:37Monwa, se ou ki pi gran pase tout wa. Se Bondye nan syèl la ki mete ou wa, li ba ou pouvwa, li ba ou fòs, li fè moun fè lwanj ou.
Daniel 5:18Monwa, Bondye ki anwo nan syèl la te fè papa ou, Nèbikadneza, wa. Li te ba li pouvwa, otorite ak anpil bèl bagay.