2 Chronicles 36:7
Nebikadneza pran tout bèl bagay ki te nan Tanp Seyè a, li pote yo lavil Babilòn, li mete yo nan tanp bondye pa l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 24:13Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay an lò Salomon, wa pèp Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Seyè a, jan Seyè a te fè konn sa depi lontan an.
Ezra 1:7Nan tan lontan, wa Nèbikadneza te pran tout bòl ak tout lòt bagay ki t'ap sèvi nan tanp Seyè a lavil Jerizalèm, li te mete yo nan tanp bondye pa l' la. Wa Siris fè chache tout bagay sa yo.
Jeremiah 28:3Nan dezan, jou pou jou, m'ap pote tout bagay ki te nan tanp Seyè a tounen nan plas yo. Wi, tou sa wa Nèbikadneza te pran nan tanp lan pou l' te pote ale lavil Babilòn, m'ap fè yo tounen nan plas yo.
Daniel 5:2Antan yo t'ap bwè konsa, Bèlchaza bay lòd pou y' al pran gwo gode fèt an lò ak gode fèt an ajan papa l', Nèbikadneza, te pran nan tanp lavil Jerizalèm lan. Li te fè chache yo pou l' te bwè ladan yo ansanm ak chèf li yo, madanm li yo ak fanm kay li yo.