2 Kings 24:13
Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay an lò Salomon, wa pèp Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Seyè a, jan Seyè a te fè konn sa depi lontan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 20:17Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.
2 Chronicles 4:7Salomon fè fè dis gwo lanp sèt branch an lò, dapre jan pou yo te fè yo a. Li mete yo nan Tanp lan, senk sou bò gòch, senk sou bò dwat.
Isaiah 39:6Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile jouk jounen jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 27:16Apre sa, mwen pale ak prèt yo ansanm ak pèp la, mwen di yo: -Men mesaj Seyè a bay. Pa koute pwofèt yo k'ap plede di nou yo pral pote tounen soti lavil Babilòn tout bagay yo te pran nan tanp lan. Se manti y'ap bay.
Jeremiah 28:6Li di konsa: -Dakò! Se pou Seyè a fè sa vre! Se pou li fè sa ou di a rive vre, pou l' fè tout bagay ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak moun yo te depòte yo tounen soti lavil Babilòn.
Daniel 5:2Antan yo t'ap bwè konsa, Bèlchaza bay lòd pou y' al pran gwo gode fèt an lò ak gode fèt an ajan papa l', Nèbikadneza, te pran nan tanp lavil Jerizalèm lan. Li te fè chache yo pou l' te bwè ladan yo ansanm ak chèf li yo, madanm li yo ak fanm kay li yo.