2 Chronicles 5:10
Nan Bwat Kontra a pa t' gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l' yo depi sou mòn Orèb la. Se sou mòn sa a Seyè a te pase kontra a ak moun pèp Izrayèl yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
Exodus 31:18Lè Seyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de ròch plat kote li te ekri kontra a ak pròp men li.
Exodus 32:19Lè Moyiz rive toupre kan an, li wè estati ti towo bèf la ak moun yo ki t'ap danse. Moyiz fè yon sèl kòlè, li voye ròch plat ki te nan men l' yo jete. Yo tonbe, y al kraze an miyèt moso anba pye mòn lan.
Exodus 40:20Li pran ròch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la.
Deuteronomy 29:1Men pawòl ki te nan kontra Seyè a te bay Moyiz lòd pase ak moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan peyi Moab la. Kontra sa a te vin mete sou kontra li te deja fè ak yo sou Mòn Orèb la.
2 Chronicles 6:11Lèfini, mwen fè yon plas ladan l' pou Bwat Kontra Seyè a, kontra li te pase ak moun pèp Izrayèl yo.