2 Chronicles 5:11
Prèt yo soti nan pyès ki apa nèt pou Seyè a. Tout prèt ki te la yo te mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis pou Bondye, san yo pa tann tou pa yo pou yo pran sèvis.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:10Seyè a di Moyiz: -Ale bò kote pèp la. Fè yo pran jounen jòdi a ak jounen denmen an pou yo mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se pou yo lave rad yo.
1 Chronicles 15:14Se konsa, prèt yo ak moun Levi yo al mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, pou yo te ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 29:5Li di yo: -Nou menm fanmi Levi yo, koute sa m'ap di nou: mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Mete Tanp Seyè a, Bondye zansèt nou yo, nan kondisyon pou yo ka fè sèvis ladan l' pou li. Wete tout vye bagay yo te mete ladan l' kifè li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.
2 Chronicles 29:34Men prèt yo pa t' anpil, yo pa t' ka kòche tout bèt yo te ofri pou boule nèt yo. Se moun Levi yo, moun menm fanmi ak yo, ki te vin ede yo fin fè travay la, jouk lòt prèt yo te fin mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, paske moun Levi yo te pi prese mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a pase prèt yo.
2 Chronicles 30:17Te gen anpil moun ki pa t' mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Kifè yo pa t' kapab touye ti mouton Delivrans pa yo. Konsa, se moun Levi yo ki te fè l' pou yo, lèfini ki te mete yo apa nèt pou Seyè a.
2 Chronicles 35:6Se nou ki pou touye ti mouton yo ak kabrit yo pou fèt Delivrans lan. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Seyè a. Pare tou sa nou bezwen pou touye bèt yo pou moun pèp Izrayèl yo, frè nou yo, ka fè seremoni an jan Seyè a te bay Moyiz lòd la pou nou.