2 Chronicles 6:22
Lè y'a pote plent pou yon moun ki fè frè l' yon bagay mal, si yo mande l' pou l' fè sèman se pa vre, epi li vin fè sèman an devan lotèl ou a, nan tanp sa a,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:11lè sa a, y'a mande ni mèt bèt la ni gadò a pou yo fè sèman devan lòtèl Bondye a. Moun ki t'ap gade bèt la va deklare se pa li menm ki te pran bèt lòt moun lan. Lè sa a, mèt bèt la va asepte pèt la. Gadò a p'ap gen ankenn dedomajman pou l' bay.
Numbers 5:19Prèt la va mande madanm lan pou li sèmante. L'a di l' konsa: Si ou pa kouche avèk okenn lòt gason pase avèk mari ou, si ou pa lage kò ou nan dezòd ki pou ta mete ou nan kondisyon pou ou pa ka fè sèvis pou Bondye, ou mèt bwè dlo anmè sa a, dlo ki bay madichon an, anyen p'ap rive ou.
Proverbs 30:9Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.