Proverbs 30:9
Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Pa janm pale yon domestik mal devan mèt li. L'a madichonnen ou, l'a fè ou peye bouch ou.
Cross References
Exodus 20:7Piga nou sèvi mal ak non Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a p'ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li.
Deuteronomy 6:10Seyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li te fè sèman l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl lavil nou pa t' bati,
Deuteronomy 8:10Men, lè n'a fin manje plen vant nou, n'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou bon peyi li te ban nou an.
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
2 Chronicles 32:15Se poutèt sa, pa kite Ezekyas ban nou manti, pa kite li pete nou! Nou pa bezwen kwè l'! Pa gen bondye ankenn gouvènman, ni bondye ankenn nasyon ki te ka delivre yon peyi anba men zansèt mwen yo, ni anba men pa m'! Ale wè pou Bondye nou an ta ka delivre nou anba men mwen!
Job 31:24Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'.