2 Chronicles 6:21
Wi, koute lapriyè m'ap fè ak lapriyè pèp Izrayèl ou a ap fè nan pye ou isit la. Nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè nou, padonnen nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 30:27Apre sa, prèt yo ak moun Levi yo kanpe, yo mande benediksyon Bondye pou tout pèp la. Lapriyè yo moute rive jouk nan syèl la, kay Bondye a menm, kote Bondye ki apa nèt la rete a. Bondye tande lapriyè yo.
Psalms 85:2(085:3) Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.
Psalms 130:3Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?
Isaiah 18:4Seyè a di m' konsa: M'ap rete rete m' kote m' ye nan syèl la, m'ap gade anba san m' pa fè ankenn bri, tankou solèy la lè l'ap klere gwo midi, tankou lawouze k'ap tonbe nan mitan chalè lannwit nan sezon rekòt.
Isaiah 44:22Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m' tankou yon nwaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou.
Daniel 9:19Seyè, koute nou non! Seyè, padonnen nou! Seyè, louvri zòrèy ou! Fè kichòy! Pa mize, pou tout moun ka konnen se Bondye ou ye! Lavil la ansanm ak pèp la se pou ou yo ye. Se pou yo m'ap lapriyè.