Joshua 3:13
Lè prèt k'ap pote Bwat Kontra Seyè a, Mèt tout latè a, va mete pye yo nan dlo larivyè Jouden an, larivyè a pral sispann koule desann, dlo a pral gonfle yon sèl kote bò tèt dlo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Chwazi douzòm, yonn nan chak branch fanmi pèp Izrayèl la.
Cross References
Exodus 14:19Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo.
Joshua 3:11Bwat Kontra Mèt tout latè a pral janbe lòt bò larivyè Jouden an anvan nou.
1 Chronicles 29:11Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.
Psalms 78:13Li fann lanmè a an de, li fè yo pase nan mitan l'. Li fè dlo yo kanpe dwat tankou miray.
Isaiah 54:5Bondye ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou. Se Bondye tout latè a yo rele l'.
Zechariah 4:14Li di m' konsa: -Se de moun Bondye chwazi pou fè travay Seyè a, Mèt latè a.