2 Chronicles 7:13
Si mwen ta rive fèmen syèl la pou lapli pa tonbe, si mwen ta voye krikèt pou devore peyi a, si mwen ta voye move maladi sou pèp la,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:12M'ap voye yon sèl epidemi sou yo, m'ap touye yo tout. M'ap anpeche yo pran posesyon tè ki pou yo a. Men ou menm, m'ap fè ou tounen yon nasyon k'ap pi gwo, k'ap pi fò pase yo.
Deuteronomy 11:17Si nou kite sa rive nou, Seyè a va fache anpil sou nou, li p'ap voye lapli. Si pa gen lapli, tè a p'ap bay sa pou l' te bay la. Nou tout n'ap mouri byen vit nan bon peyi Seyè a ban nou an.
2 Chronicles 6:26Lè va gen chechrès nan peyi a san yon ti degout lapli, paske pèp la te peche kont ou, si yo règrèt sa yo te fè a paske ou te pini yo, si yo vin lapriyè isit la, si yo fè lwanj ou,
Job 11:10Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l' non?
Psalms 105:34Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite.
Ezekiel 14:19Si mwen ta voye yon move maladi sou peyi a, si mwen ta move sou li jouk pou m' ta voye yon maladi san renmèd pou m' touye ni moun ni bèt,