2 John 1:9
Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou.
Cross References
Matthew 11:27Papa m' renmèt mwen tout bagay. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a. Konsa tou, pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, esepte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
John 5:23Konsa, tout moun va gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa gen respè pou Papa ki voye l' la non plis.
John 14:6Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
Acts 2:42Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.
Titus 2:10Ni yo pa dwe nan pran sa ki pa pou yo. Okontrè, se pou yo serye tout bon nan tou sa y'ap fè. Konsa y'a fè respè mesaj Bondye, delivrans nou an, nan tout bagay.
Hebrews 6:1Se sak fè, ann grandi toujou pou n' ka vin granmoun nan konfyans nou. Ann kite dèyè premye konesans yo te ban nou sou Kris la. Nou pa pral rekòmanse ankò ap poze premye baz travay la: nou pa pral di nou ankò jan nou dwe chanje lavi nou, jan nou dwe wete konfyans nou te gen nan zèv ki pa vo anyen yo pou n' mete l' nan Bondye.