Hebrews 6:1
Se sak fè, ann grandi toujou pou n' ka vin granmoun nan konfyans nou. Ann kite dèyè premye konesans yo te ban nou sou Kris la. Nou pa pral rekòmanse ankò ap poze premye baz travay la: nou pa pral di nou ankò jan nou dwe chanje lavi nou, jan nou dwe wete konfyans nou te gen nan zèv ki pa vo anyen yo pou n' mete l' nan Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 55:6Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.
Zechariah 12:10M'a fè pitit pitit David yo ak moun lavil Jerizalèm yo gen bon kè. M'a fè yo konn lapriyè nan pye m'. Y'a leve je yo gade m', y'a wè moun yo te pèse a. Y'a nan gwo lapenn pou li tankou moun ki pèdi sèl pitit li te genyen an. Y'a pete rele tankou moun ki pèdi premye pitit gason yo.
Matthew 4:17Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.
Matthew 7:25Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch.
Matthew 21:32Paske, lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t'ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pa t' kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pa t' chanje lide nou pou n' te kwè nan li tou.
Mark 6:12Douz disip yo pati; y' al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye.